jude jean et boucan carré

20
JUDE JEAN BOUCAN CARRÉ Un leader un visionnaire Un Patriote Un Père de Famille Un travailleur social Un Éducateur Un agent de dévelloppement Un agriculteur & Éddition

Upload: revista-this-is

Post on 24-Jul-2016

315 views

Category:

Documents


10 download

DESCRIPTION

Documment sur Jude Jean et Boucan Carré Réalisation : Hamlet Alexandre

TRANSCRIPT

Page 1: Jude jean et boucan carré

JUDE JEANBOUCAN CARRÉ

Un leaderun visionnaire

Un Patriote

Un Père de Famille

Un travailleur social

Un ÉducateurUn agent de dévelloppementUn agriculteur

&

Éddition

Page 2: Jude jean et boucan carré

Enfòmasyon sou Jude Jean

Ki kote Jude Jean soti ? Ki moun li ye ? Kisa l te fè deja nan Boukan Kare ? Kisa l ap fè kounye a menm ? Ki vizyon ak objektif li?

1) Mwen fèt jou ki 11 Avril 1981 nan Twazyèm Seksyon Komin Boukan Kare a, Seksyon Dèbay, sou wout Difayi a, pandan Manman m te sou wout pou l t al akouche m nan Lopital Sentespri Difayi. Manman m, Marie Lourdes Louis ki se moun Pouye (Ba Boukan Kare) ak Papa m, André Jean ki soti Bozyo (Dèbay) ak Pepen (Wo Boukan Kare), yo t ap viv Lachto touprè Kafran. A kote ti tan mwen pase deyò Komin nan, mwen viv nan Seksyon Dèbay, Chanbo (Sant Komin nan), pandan m te timoun, mwen te konn viv Pouye tou (Ba Boukan Kare). Mwen se yon responsab Fanmi, mwen marye depi 5 ane. Madanm mwen se yon enfimyè e lap travay kòm enfimyè. Avèk li, mwen gen yon pitit fi ki pran nesans nan mwa Dawou 2012 la, mwen rele l Teresa, pou admirasyon m pou Mè Teresa ki se youn nan modèl m ap suiv.

2) Mwen angaje m nan devlopman kominotè, travay sosyal, èd imanitè ak defans dwa moun depi m te nan laj 24 an, menm si avan sa mwen te konn patisipe nan aktivite sosyal ak kominotè (nan lane 1994 pa egzanp, mwen te ansenye kòm volontè nan yon lekòl aprè midi pou timoun vilnerab kay Mè yo Boukan Kare). Jodi a, mwen gen anpil esperyans nan defann epi fè pwomosyon pou dwa moun, nan jistis sosyal, edikasyon ak devlopman kominotè. Mwen gen esperyans nan jere aktivite òganizasyon, aktivite devlopman ak transparans, entegrite epi nan respè pou tèt mwen ak pou lòt moun ki bò kote m.

3) Mwen se yon travayè latè, yon kiltivatè. Se avèk pwodui jaden m (bannann, mayi, manyòk, pwa, yanm, patat elatriye), mwen pran swen fanmi m. Se manje peyi (pwodui nasyonal) mwen plis itilize lakay mwen. Se ak sipò Papa m kise yon vanyan gason ke m rive okipe de jaden m epi fè elvaj sou anviwon 9 kawotè nan Lachto. Se papa m menm ki montre m sekle tè, plante, wouze, netwaye jaden epi rekòlte. Se sa k fè mwen gen gwo enterè pou m sipòte epi devlope agrikilti, elvaj, pisikilti (elvaj pwason) epi pwoteje anviwonnman an. Se sa k fè tou kòdlonbrit mwen mare ak Seksyon Kominal yo ki se bon jan sant resous pou devlopmankominotè, pou devlopman peyi a.

. Esperyans travay mwen fè nan anpil òganizasyon tankou nan SOPABO (Solidarite Peyizan Boukan Kare), Zanmi Lasante ak anpil lòt enstitisyon kote m travay ka pwouve sa. Mwen te vin angaje m plis nan Devlopman Kominotè gras aresponsabilite m vin genyen kòm Sekretè Jeneral SOPABO (yon òganizasyon P. Cicote fonde nan lane 1991 ansanm ak plizyè lòt leader Boukan Kare ki te pèmètBoukan Kare pran wout Devlopman tout bon e se pou sa nou toujou gen gworekonesans pou P. Cico. Avèk li, noutoujou ap reflechi epi travay pou Devlopman Kominote ni nou menm, ni li menmrenmen anpil la).

1

Page 3: Jude jean et boucan carré

ou sa ki gen pou wè ak etid mwen fè epi devlopman pwofesyonèl mwen: Mwen dekwoche yon Bakaloreya an Filozofi nan Peyi a, epi mwen te pase 2 lane ap etidye nan vil Wòm (Peyi Itali), kote mwen te etidye Tewoloji epi mwen te dekwoche yon diplòm Mastè Biyoetik. Aprè jaden m ki pèmèt mwen viv, se nan onè respè nèt al kole mwen rive jwenn mwayen pou m viv epi ede moun. Mwen gen anpil esperyans nan edikasyon epi mwen resevwa anpil fòmasyon nan Peyi a, nan kèk lòt peyi nan Karayib la tankou Jamayik epi nan peyi Etazini, ki pèmèt mwen espesyalize m nan fòmasyon, sitou fòmasyon pou pwofesyonèl ak granmoun. Pami esperyans volontarya ak pwofesyonèl mwen fè, pèmèt mwen site sa yo :

- Pran ane 2005 pou rive 2007, mwen pase 2 lane nan Kolèj Sen Michèl Boukan Kare ap travay kòm volontè (sa vle di m te chwazi pa touche lajan pou m te ka rann sèvis nan kominote a, pou m te bay gratis sa m te resevwa gratis). Mwen te asiste direktè Kolèj la, epi mwen te travay kòm Anseyan Lang, Lèt ak Relijyon.

- Soti nan ane 2007 pou rive 2010, mwen te travay kòm konsiltan nan zafè Etik Lasante (etik medikal) pou Zanmi Lasante epi m te manb Komite Etik Rechèch Enstitisyon an.

- Nan ane 2007 ak 2008, mwen te patisipe nan yon gwo rechèch sou dwa moun genyen pou jwenn dlo potab nan Nòdwès Peyi a (Pòtpe). Mwen te travay nan rechèch la kòm youn nan envestigatè yo, kòm konseye nan zafè biyoetik epi mwen se youn ko-otè rapò ankèt la. Enstitisyon ki te kondui gwo rechèch sa a sete : RFK Memorial Center for Human Rights, Zanmi Lasante, Partners InHealth ak Center for Human Rights and Global Justice of New York School of Law.

P

2

Page 4: Jude jean et boucan carré

Soti 2008 pou rive 2011: Mwen te Direktè volontè Lise Boukan Kare a. Mwen di volontè paske lè Lise a te ouvri, Ministè a pa t nome ni direktè, ni pwofesè. Mwen te ofri tèt mwen pou m te dirije Lise a san touche yon goud menm jan gen anpil anseyan ki te fè menm jès la. Lè Lise a te nan gwo difikilte poul fonksyone akoz mèt yo pa t janm touche, mwen te prezante Zanmi Lasante yon pwojè pou l te ede nou peye yo. Gwo sipò Zanmi Lasante te askepte bay te pèmèt ke mèt yo te touche pandan 2 lane, jiskaske majorite nan yo te vin rive resevwa lèt nominasyon yo.

- Mwen te travay tou pou Zanmi Lasante (Partners In Health / CHART) kòm Kòdonatè Nasyonal Fòmasyon soti nan lane 2008 pou rive 2010, mwen te manb Konsèy Egzektif CHART ki se yon rezo fòmasyon sou VIH/SIDA ki baze nan Karayib yo. Gras a esperyans sa a, mwen te gen chans patisipe nan anpil fòmasyon, atelye travay nan Vil Boston ak plizyè peyi nan Karayib la tankou Jamayik, Sent Lisi, Baamas ak Babad.

- Toujou nan kad esperyans pwofesyonèl mwen, mwen te travay pou yon òganizasyon ki rele Habitat pour l'Humanité – nan kad repons a tranblemantè 12 janvye a - kòm Espesyalis Fòmasyon ak Ranfòsman Kapasite, soti nan lane 2010 pou rive 2013. Mwen te patisipe nan egzekite plizyè pwojè pou pèmèt lavi reprann nan katye defavorize yo.

Pèmèt ke m souliye ke se gras ak tavay pwofesyonèl mwen fè yo ke m rive soutni travay sosyal m ap fè yo, plis èd ak sipò mwen resevwa nan men Bon Zanmi m yo ak Enstitisyon Patnè Oganizasyon m ap dirije yo. Mwen pap janm sispann di yo rekonesans mwen.

Soti 2005 pou rive jodi a, sa fè deja 10 lane depi map mennen yon gwo batay nan sosyal, nan èd imanitè, nan pote sekou bay moun epi nan devlopman kominotè. Nan peyi a tankou aletranje, mwen plede anpil pou Boukan Kare. Mwen ede nan anpil aktivite devlopman epi pote sipò m bay tout kategori moun nan kominote a, nan tout 3 Seksyon Kominal yo, tankou nan:

- Edikasyon timoun (peye lekòl pou timoun, bay timoun valiz ak materyèl lekòl);- Ede peyizan yo nan zafè agrikilti, ede yo jwenn semans ak zouti;- Ankadreman moun ki vilnerab sitou moun ki andikape yo nan bay yo asistans, chèz woulèt elatriye;- Ede moun jwenn swen sante, òganize klinik mobil;- Ankouraje òganizazyon fanm, ede kèk medam nan fè ti komès, sipòte kèk vèv;- Bay jèn èd pou yo aprann metye, al nan inivèsite epi sipòte yo nan espò ak aktivite sosyo-kiltirèl;- Ede kominote yo nan sitiyasyon difisil tankou nan konbat kolera, akonpayman viktim inondasyon 27 jen yo;- Sipòte lekòl kominotè kap fonksyone ak anpil difikilte;- Oganize aktivite pwoteksyon anviwonnman (plante pye bwa, netwaye lari, fè demach pou pwojè dlo);- Sipòte òganizasyon kap fè aktivite kominotè tankou fè wout ak men;- Ede Legliz ak gwoup Legliz kreye animasyon sitou nan okazyon Lamwason oubyen Fèt Patwonal;- Chita pale ak jèn, ankouraje yo, fè fòmasyon pou yo pou yo pran bon chimen, pou yo vin otonòm;- Fè pwomosyon pou Boukan Kare nan radyo, sou entènèt… Atire atansyon anpil otorite, dyaspora a, mond lan sou Boukan Kare nan pale sou resous natirèl nou yo, montay ak rivyè nou yo, sitou gwo kokenn chenn resous nou genyen nan Seksyon Dèbay la ki se Lak Pelig la ke nou ka esplwate pou touris, kreyasyon richès ak biznis elatriye.

3

Page 5: Jude jean et boucan carré

Premyè Dam Repiblik la ki te vin fete Nwèl ak Timoun nou yo Boukan Kare 25 Desanm 2013 e ki te vizite Boukan Kare avan sa deklare ke piblikasyon m yo sou internet tè pèmèt li rive jwenn plis enfòmasyon sou inondasyon 27 jen an ak sou Komin nan an jeneral. Nap remèsye PremyeDam nan ki pote asistans li nan plizyè okazyon bay popilasyon an (materyèl lekòl, twous alimantè, twous semans).

Pandan 10 lane, mwen patisipe nan fè pledwari pou anpil gwo pwojè ki reyalize nan Komin nan. Mwen travay anpil ak òganizasyon kominotè yo, sektè relijye a ak anpil lòt gwoup òganize. Pandan 10 lane sa mwen ka rezime ke m travay anpil nan edikasyon, agrikilti, anviwonnman, nan akonpaye timoun, jenès la, medam yo, peyizan yo elatriye. Men pandan ke m ap travay aktivman nan sosyal, mwen kwè ak tout fòs mwen ke pou gen bon jan chanjman vre, fòk gen yon alyans solid ant polit ik, sosyal ak devlopman. Òganizasyon ka toujou pote èd ak asistans, men se Leta ki premye responsab devlopman yon peyi. Se pou tèt sa depi 2006, mwen te deside pou m fè politik tou, mwen te sipòte aktivman kandida nan eleksyon 2006 yo ak eleksyon 2010/2011 yo.

Devan gwo travay ki dwe pou fèt pou devlopman Komin Boukan Kare a, sa vledi devlopman chak Seksyon Kominal yo ak Sant Vil la, mwen te pran desizyon, depi 2011 pou m te kandida pou Majistra Boukan Kare, pou m te ka mete konpetans mwen, foug mwen, volonte ak devouman m, serye ak transparans mwen nan sèvis chanjman kondisyon lavi moun ak devlopman Komin nan a travè Administrasyon Kominal la. Mwen te deside pou m kandida pou Majistra menm si anpil zanmi, fanatik ak sipòtè te toujou swete pou m kandida pou Depite pito.

Aprè piblikasyon Lwa Elektoral 2013 ki, nan atik 137-4 li, fè Boukan Kare tounen yon Sikonskripsyon pou kont li, sa vle di li pa fòme yon Sikonskripsyon ak Mibalè ankò, majorite manb ekip politik mwen, òganizasyon k ap sipòte m yo ak yon bon pati nan popilasyon an te mande m pou m al kandida pou Depite nan eleksyon lejislatif ki pral òganize nan peyi a. Anpil nan gwoup òganize, notab, jèn, te fè m pwopozisyon sa a akoz esperyans ke m genyen nan plede pou kominote a, defann enterè moun ak enterè komin nan, epi pou esperyans mwen genyen nan jere relasyon moun ak moun, relasyon ak lòt enstitisyon, epi tou gras ak sansibilite mwen pwouve pou moun, pou chak Seksyon Kominal yo ak sousi m pou devlopman Komin nan an jeneral.

4

Page 6: Jude jean et boucan carré

Mwen gen volonte, entegrite ak kapasite pou m reprezante Komin nan yon fason ki valab. Mwen vle devlopman tout Komin nan sitou Seksyon yo, paske m se moun Dèbay, moun Seksyon Kominal, mwen gen rasin mwen nan Ba Boukan Kare e mwen gen anpil atansyon pou Tit Montay ki se Seksyon ki plis lwen an, men kote moun yo vanyan anpil, kote peyizan yo pwodui anpil, sitou pwa (pwa nwa, pwa bè sitou). Mwen toujou apresye epi m toujou fè sa m kapab pou m sipòte jefòLeader Tit Montany yo ap fè pou pèmèt timoun yo resevwa edikasyon malgre kondisyon difisil Seksyon an.

Gen anpil gwo pwojè ki enpòtan pou devlopman Komin nan, nan domèn edikasyon ak fòmasyon, nan domèn agrikilti ak pwoteksyon anviwonnman, lasante, enfrastrikti, touristik ak kilti. Wi, gen anpil pwojè ki enpòtan pou devlopman Komin nan ke nou dwe konsidere : Konstriksyon Lekòl, ouvèti plis lekòl nasyonal, Lise ak Lekòl Pwofesyonèl, ede jèn jwenn opòtinite pou yo etidye, pou yo travay; Pwojè pou sipòte Agrikilti ak Elvaj, ankadreman pou Peyizan yo epi pwoteje anviwonnman; Pwojè Lopital, Sant Sante, Dlo Potab ak Asenisman; Konstriksyon Wout nan tout lokalite yo ak yon wout pou konekte Boukan Kare ak Depatman Latibonit, konstriskyon pon sou Latibonit nan nivo Ba Boukan Kare oubyen Ba Debay ak sou lòt rivyè yo kote ki bezwen sa; Pwojè lwazi, devlopman kiltirèl ak touristik tankou Lak Pelig la ki prezante anpil potansyalite pou pwojè touristik; Pwojè pou pi byen òganize Sikonskripsyon an, rann sèvis piblik yo plis disponib, konstriksyon biwo leta yo – Gen Seksyon Kominal yo ki gran anpil e ke nou dwe divize an 2, gen Seksyon Debay ki nesesite pou l elve nan ran Komin yo, mwen pral travay pou sa reyalize pou pi bon sèvis ka bay nan Sikonskripsyon an; Pwojè Asistans Sosyal, Pwoteksyon Dwa Moun ak anpil lòt toujou. Pou gwo pwojè sa yo reyalize, kòm sitwayen, nou dwe konstate ke Komin nan bezwen reprezantan ak dirijan ki dinamik, ki konnen trè byen tout pwoblèm Komin nan, ki pran konsyans de yo e ki gen esperyans, konpetans ak volonte pou fè pledwari epi travay pou mete Komin nan sou ray devlopman, pou mete Boukan Kare an chantye.

Konfyans ke popilasyon an plase nan mwen ak bòn volonte mwen genyen pou m jwenn plis mwayen pou m chanje kondisyon lavi moun epi ensistans majorite manb ekip kap sipòte m yo te pouse m pran desizyon pou m vin kandida pou Depite Sikonskripsyon Boukan Kare a.

5

Page 7: Jude jean et boucan carré

Pandan 10 lane, mwen pwouve popilasyon an ke m gen yon gwo atachman a Komin nan, pou chak Seksyon Kominal yo. Mwen pwouve respè m gen pou moun, sansibilite m pou moun kap soufri, pou jèn yo, pou timoun yo, pou medam yo, pou peyizan yo. Mwen toujou prè pou m negosye, chita pale, tande moun, koute konsèy. Mwen toujou prè pou m akeyi epi sipòtè jenès la, e mwen gen gwo volonte pou m akonpanye yo, pou ede yo konstwi avni yo pou yo vin otonòm

Boukan Kare se rasin mwen, mwen pap janm ka detache de li. Jodi a, mwen vle kandida pou Depite pou travay sosyal ak devlopman yo kontinye. Map kontinye ede timoun al lekòl, ba yo materyèl lekòl, map kontinye sipòte lekòl kominotè, map kontinye sipòte jenès la ak peyizan yo, map kontinye sèvi kominote a nan transparans ak respè, epi map kontinye mande tout popilasyon an, tout notab ak leader, tout zanmi boukan kare, otorite yo, dyaspora a ak tout etranje ki zanmi nou yo pou yo kontinye pote kole avèk nou nan travay pou chanje kondisyon lavi moun yo. Si nou ale sou paj mwen yo, nap wè tout pwojè pou sipòte edikasyon map travay sou yo nan moman an, map konte sou konsèy ak sipò nou.

Mwen prale nan eleksyon yo anba banyè Parti Haïtien TET KALE, mwen te enskri nan pati a depi plis pase yon ane anvan eleksyon yo (Fevriye 2014). Mwen te chwazi enskri nan pati a yon fason espesyal aprè m te fin fè konesans ak Kredo Politik li : Mwen gen anpil respè ak rekonesans pou chak zanmi, chak fanmi, fanatik, sipòtè, otorite, leader, notab, tout moun alawonnbadè ki kwè nan chanjman Boukan Kare, kap kolabore avèk nou pou nou fè rèv chanjman BoukanKare a tounen yon reyalite.

Pi gwo respè a ak rekonsesans la, Lwanj ak Konpliman, Gras ak Benediksyon se pou Bondye Vivan an ki mete nan kè m, nan nanm mwen ak nan nou tout Vizyon Chanjman, Pasyon pou Sèvi ak tout Kalite Don pou n travay pou chanje kondisyon lavi moun epi devlope Kominote nou yo.

Avèk tout imilite epi anpil lanmou,

Jude Jean

Kandida Depite Boukan Kare – Plato Santral Plateforme Parti Haïtien TET KALE (PHTK #5)E - m a i l : e d u c a � o n b o u c a n c a r r e@gma i l . c om /[email protected] Tel :34064798/ 32522945Whatsapp: 38771038Twitter: @jjchanjingbc Skype: jude.boucancarre.haiti Siteweb: www.votejudejeanbc.orgPage Facebook : Jude Jean, Boucan Carre 2015

Yon lòt Boukan Kare Posib

6

Page 8: Jude jean et boucan carré

Credo politique Jude Jean

Map travay nan sosyal depi plis pase 9 lane, men depi 8 lane mwen angaje m nan batay politik la pou Kominote m ak Peyi m chanje, paske mwen ta renmen wè Ayiti pran wout pwogrè nan lapè. Mwen reve wè Ayiti chanje, mwen reve l tounen yon peyi kote tout Ayisyen santi yo alèz pou yo viv ladan l nan kè kontan ak kè poze gras ak respè youn pou lòt ak respè Manman Lwa Peyi a ak tout lòt lwa nan peyi a.Map chèche plis espas kote mwen ka kore tout moun ak ekip ki gen yon vizyon chanjman tout bon epi kap travay pou chanje kondisyon lavi nan peyi a. Mwen ta renmen gen plis mwayen ak kapasite pou m kontinye travay pou chanje lavi nan Kominote m, sitou lavi sila ki plis pòv yo. Nan sans sa a, mwen kwè ke nou dwe travay pou politik fèt yon lòt fason nan peyi a:

Politik modèn ki nan sèvis moun, sitou gwoup ki pi fèb yo ;-Politik ki nan sèvis devlopman, politik kap defann byen ak enterè pèp ;-Politik pou rebati Ayiti, yon pi bèl Ayiti ;-Politik pou kaba lamizè ak soufrans kap dechire zantray peyizan nou yo ;-Politik kote tout moun gen menm chans, ke w se fi, ke w se gason, kèlkeswa orijin ou ;-Politik ki valorize jenès la e ki pèmèt yo jwenn sipò nesesè pou yo sèvi peyi a pi byen ;- Politik ki nan sèvis edikasyon, sante, agrikilti, anviwonnman, komès, devlopman enfrastrikti elatriye ;- Politik ki bay tout Ayisyen ki deyò peyi a anvi tounen lakay lè yo vle epi ki pèmèt yo enplike plis nan devlopman peyi a;-Politik ki rasanble moun ki gen volonte, sansibilite sosyal, esperyans ak tout kalite konpetans pou sèvi epi renmen moun ;-Politik kote se moun ki gen volonte, sansibilite pou moun, kapasite e ki te deja ap travay pou chanjman ki rive pran pouvwa pou yo kontinye sèvi moun pi plis epi pi byen ;-Politik ki mete enterè Ayiti anwo tout lòt enterè pou chanjman ak devlopman blayi sou tout tè d Ayiti. Mwen kwè, mwen gen rèv e mwen angaje m pou m batay pou sa m kwè pou rèv mwen ak rèv tout moun ki reve menm jan avèk mwen tounen reyalite pou yon pi bèl Ayiti ak pou byen chak Ayisyen.

7

Page 9: Jude jean et boucan carré

Rezime plan m pou jenès la:

1) Fomasyon sivik, angajman sitwayen, ranfosman kapasite, sans responsabilite. 2) Resanse tout jèn ki pa konn li ditou pou kreye pwogram edikasyon rapid pou yo pou yo ka li, ekri, pou yo ka aprann metye3) Resanse tout jèn ki pa rive lwen lekol, ki pa gen chans fini etid yo pou ede yo aprann metye4) Resanse tout jèn ki fini pou ede yo antre nan lekol pwofesyonel ak inivesite... Ede yo jwenn bous, demi bous, ede yo al nan Prefac pou yo bon nan leta, chèche parenaj pou ede yo peye lekol elatriye 5) Chèche travay pou jèn ki fin etidye yo, kreye travay a n n d a n k o m i n n a n p o u y o6) Kreye sant lwazi, bibliyotek, sant spotif, cybercafe etc. Pou jenes la aprann, detann yo komsadwa...

Nap akonpanye jenès laNap kwape delenkansNap akonpaye jèn ki te lage nan sak pa sa, jèn fi ki abandone ak pitit Nap goumen kont fenomèn fè jèn Kado mil goud la pou yo fè lajan mete nan poch yo pou yo ka viv ak diyite

Nap ankouraje e sipote pwojè antrepriz ak kooperativ jenes.

Nou pral ankouraje jenes la enplike nan agrikilti ak elvaj, agrikilti modèn ki marye ak teknoloji... Sa pral mande pou yo jwenn fomasyon nesesè ak prè pou pwojè yo...

Nap chèche opotinite fomasyon pou jèn yo, eden yo jwenn opotinite pou yo kreye biznis... Jèn sa yo pral antreprenè kap bay travay tou nan kominote a.

Nou bezwe gen yon jenes kap kapab sipote Peyizan yo, ti Machann yo, kap ka envesti nan sosyal ak nan devlopman kominote a.

Tout pwojè sa yo pral antre anndan yon plan devloplanLameri pral gen wol prensipal, plis kazek yo... Nou pral travay anpil ak sosyete sivil la, oganizasyon de baz yo, asosyon jèn yo, Legliz ak lekol...

Nou pral akonpanye enstitisyon sa yo nan plan ak pwojè yo genyen pou jèn yo e nap angaje nou nan ede yo jwenn finansman pou egzekite diferan pwojè yo, pou epanouyisman jèn yo.

Jenès la se nou, nou se jenès la

8

Page 10: Jude jean et boucan carré

Boucan Carré est une Commune de la République d'Haïti faisant partie de l'Arrondissement de Mirebalais, Département du Centre (Plateau Central). Géographie :Elle a une superficie 35,363 ha équivalant à 353,63 km2. Son altitude est de 297 m et sa densité de 144,1 hab./km2La population de Boucan Carré est estimée à 50,952 habitants dont 26,486 de sexe masculin, 24,466 de sexe féminin et 26,702 âgés de 18 ans et plus. La population rurale est d'environ 47,826 habitants.La Commune de Boucan Carré comprend trois Sections Communales: 1ère section Petite Montagne : 8, 923 habitants (4, 805 18 et +)2ème Section Boucan Carré : 20,376 (10,605 18 et +)3ème Section Des Bayes : 21, 653 (11,292) Boucan Carré est limitrophe avec les Communes de Mirebalais, Saut d'eau, Lascahobas (dans le Bas Plateau Central), Thomonde, Maïssade (dans le Haut Plateau Central), Petite Rivière, Lachapelle dans le Département de l'Artibonite.

BOUCAN CARRÉ

Politique :Dans le temps, Boucan Carré fut la 11ème Section Communale de Mirebalais. Elevée au rang de quartier en 1946 par Dijon Jean Gilles, originaire de la zone et qui fut Député de Mirebalais, elle fut ensuite élevée au rang de Commune en 1984. Elle est dirigée par un Conseil Municipal de 3 membres présidé par le Maire Titulaire. L'Actuel Maire de Boucan Carré, en fin de mandat, s'appelle Bénicé Dérat. Avec Mirebalais, Boucan Carré forme une Circonscription Géographique. Abel Descollines est l'actuel Député de la Circonscription.

9

Page 11: Jude jean et boucan carré

Religions :Boucan Carré est une communauté très religieuse. Comme toutes les régions du pays, on y pratique la religion chrétienne (Catholicisme et Protestantisme) et le Vaudou. La Commune de Boucan Carré est divisée en deux paroisses : Paroisse Saint Michel de Boucan Carré couvrant la 1ère et la 2ème Section et la Paroisse Saint François d'Assise de Dufailly (Section des Bayes). Ces deux paroisses sont subdivisées en une dizaine de chapelles. Le curé de la Paroisse Saint François d'Assise de Dufailly est le Révérend Père Michelet LAMARRE.L'actuel Curé de la Paroisse Saint Michel de Boucan Carré est le Révérend Père Michenet DUPORTAL succédant le Révérend Père Alphonse Tannélus, actuel Curé de la Paroisse Saint François d'Assise de Cerca-la-Source, le passage du Révérend Père Alphonse a surtout été marqué par la structuration du Collège Saint Michel et des démarches en vue de sa construction par les amis de Knoxville. La Paroisse de Boucan Carré célèbre sa fête Patronale chaque 29 Septembre (Saint Michel Archange) et Dufailly chaque 4 Octobre (Saint François d'Assise). Parmi les anciens curés de la Paroisse Saint Michel de Boucan Carré et qui ont marqués sont développement nous pouvons citer : Le révérend Père Edner Jean Laurent qui a construit le premier pont sur Fond Enfer et a supporté l'Education à Boucan Carré ; le Révérend Père Occide Jean (Pè Cicot) qui a largement mis Boucan Carré sur la route du développement, il a fondé la SOPABO, il a fondé le premier Collège à Boucan Carré et a été à la base de tous les projets de développement de la SOPABO (Solidarité des Paysans de Boucan Carré) ; le Révérend Père Malherbe Jean Louis qui, avec la SOPABO, a facilité l'arrivée de Zanmi Lasante et de Fonkoze a Boucan Carré, qui a fondé le Collège Saint Michel de concert avec certains Jeunes et leaders de la zone et qui a aussi entrepris les démarches pour le jumelage de la Paroisse avec la Paroisse Sacré Cœur de Knoxville. L'Egl ise Protestante est aussi très présente particulièrement la première Eglise Baptiste sous la direction de l'Eglise Baptiste de Mirebalais et beaucoup d'autres sectes protestants. Il faut remarquer aussi la présence de l'Eglise Adventiste et de l'Eglise Episcopale dans la Commune de Boucan Carré.Le Vaudou, religion culturelle d'Haïti est aussi très pratiquée. Même certains croyants des Eglises Catholiques et Protestantes consultent un hougan pour des problèmes liés à la superstition, les problèmes de santé (on sait que les prêtres du vaudou sont considérés comme des guérisseurs en Haïti). Parlant de vaudou, on ne saurait ne pas évoquer les bandes de rara pendant la période pascale.

RELIGION

10

Page 12: Jude jean et boucan carré

EducationL'éducation qui devrait être gratuite au niveau primaire et accessible à tous reste encore un luxe à Boucan Carré. Pour les 3 Sections Communales de Boucan Carré, on peut dénombrer une quarantaine d'écoles primaires.Selon la Direction des Statistiques Démographiques et Sociales de 2009, la population infantile (moins de 18 ans) est estimée à environ 24, 250 habitants. Tenant compte de la quantité réduite des écoles primaires et de leur faible capacité, nous pouvons estimer que plus de la moitié des enfants à Boucan Carré ne sont pas encore scolarisés.Il est malheureux de constater que beaucoup d'enfants défavorisés et nécessiteux ne sont pas ciblés par le programme d'éducation pour tous du Président de la République et ce programme ne concerne que les enfants de moins de 12 ans, tandis que dans les zones les plus reculées, on rencontre des enfants ayant atteints l'âge de 12 ans qui n'ont jamais été à l'école.Parlant d'éducation à Boucan Carré, on ne saurait ne pas mettre en évidence la qualité de l'éducation que reçoivent les enfants qui sont déjà scolarisés. Moins de 5% des écoles existantes à Boucan Carré arrivent à délivrer une éducation de qualité. Parmi les grandes causes de ce problème de qualité, on peut considérer le manque de structure (Certaines écoles fonctionnent sous des tentes en paille ou des maisons en mauvais état) et le manque de qualification ou la non qualification des enseignants. Pour toute la population de Boucan Carré, il y a un seul Lycée situé au Centre-Ville (Hate l'Etat) ayant la capacité d'accueillir environ 300 élèves. La majorité des enseignants ne sont pas rémunérés par le gouvernement. C'est grâce à un support de Zanmi Lasante qu'on a pu rémunérer les enseignants pendant 10 mois au cours de l'exercice 2010-2011. Les enseignants y ont travaillé pendant plus de 4 ans sans recevoir même un frais. Nous sommes actuellement à la recherche de fonds pour payer les enseignants puisque Zanmi Lasante ne pourra les rémunérer pour nous pendant toute l'année. Il y a environ 6 écoles secondaires dans la Commune : 2 au Centre-Ville, 2 à Dufailly et 2 à Cange.Les écoles nationales sont au nombre de 3 : Une au Centre-Ville, une à Dufailly et une à Domond-Péligre.Les Ecoles Primaires sont beaucoup plus nombreuses, mais pas en quantité suffisante toutefois et la qualité de l'éducation délivrée par la majorité des écoles à Boucan Carré laisse à désirer.Il reste encore beaucoup d'enfants à scolariser et les capacités des écoles existantes ont gravement besoin d'être renforcées.La Section de Boucan Carré et celle de Petite Montagne nécessitent chacune deux Ecoles Nationales (au moins). Celle de Boucan Carré a besoin au moins d'une école secondaire pour soulager les parents et les enfants qui doivent se rendre soit à Centre-Ville chaque jour ou à Mirebalais pour y connaitre toutes les misères (pour beaucoup d'entre eux).

11

Page 13: Jude jean et boucan carré

Culture et Loisir :Boucan Carré avec ses rivières, son paysage, ses montagnes savait depuis longtemps attirer des visiteurs, des touristes et différentes personnalités. A titre d'exemple, Boucan Carré était la ville du général Rochambeau, Les traces du fort de Rochambeau dans la Première Section de Petite Montagne avec ses cascades d'eau existent encore. Le centre-ville de la Commune porte encore son nom (Chambeau), il y a également une localité portant le nom de « NAN CHAMBEAU ». Le professeur Grand Pierre de Dufailly rapporte que c'est sur un grand arbre (un manguier) derrière la maison de son grand père que Charlemagne Péralte savait trouver refuge au temps de l'occupation Américaine (Ce manguier qui existe encore portant le nom de « la cachette végétale » de Charlemagne Péralte à Dufailly est plus connu sous le nom de Manman Pemba). La Grand-mère du professeur Grand Pierre, une brave Dame de Boucan Carré savait lui préparer à manger et c'est de Dufailly qu'il était parti au moment où il allait trouver sa mort.Boucan Carré est aussi un endroit favorable au jogging, à l'alpinisme (avec ses hautes montagnes). Les fans de la natation pourront également trouver de belles rivières et particulièrement, le plus long fleuve du pays dont la source se trouve à Cibao en République Dominicaine : L'Artibonite.Une localité de la zone de grande importance et présentant un potentiel touristique est PELIGRE. Nous devons noter que le barrage hydroélécrtique de Péligre se trouve sur le territoire de la Commune de Boucan Carré dans la troisième Section des Bayes.Le lac de Péligre est un lac artificiel créé en 1956-1957 à la suite de la construction du barrage hydroélectrique de Péligre sur le fleuve Artibonite. Ce barrage hydroélectrique fut construit par le Corps des ingénieurs de l'armée des États-Unis et financé par la banque d'import-export des États-Unis, Eximbank (Wikipédia).Le lac de Péligre reste un encore un site touristique non exploité. La vue de ce lac est adorable et agréable. C'est un endroit où l'on peut pratiquer le canoë-kayak ou faire du tourisme nautique.Au bord du lac de Péligre aussi, les entrepreneurs du tourisme peuvent trouver un site idéal pour des petits hôtels ou des villages vacances. Cela favoriserait la création d'emploi et renforcerait les capacités de la commune à plusieurs niveaux.A chambeau (le Centre-Ville), derrière le Presbytère de la zone, les jeunes su créer un site d'activités culturelles, une plage à leur manière : Mapou-Beach ! Ou pa ka vin Boucan Carré pou pa al benyen Mapou Beach !!!Les jeunes de la Communes de Boucan Carré sont très talentueux, s'ils sont encadrés, ils pourront faire flotter très haut le drapeau de la zone en tant que poètes, conteurs, musiciens, chanteurs de compas, de rap kreyòl etc. Le tableau que présente la Commune sur le plan culturel est pourtant sombre. La source d'inspiration est en eux et chez eux, mais ce qui manque c'est l'encadrement technique. C'est triste de constater qu'à Boucan Carré, il n'y a pas de Centre de loisirs, de bibliothèques, de cyber café, de groupes musicaux. La zone est aussi dépourvue de place publique et terrains de football modernes.Les jeunes aiment beaucoup la musique. Il y a de jeunes talents pour le compas et certains jeunes se sont organisés pour fonder un groupe de Rap Kreyòl (Hip hop) que nous avons le plan de supporter.C'est vraiment triste d'entende les jeunes dire qu'ici, nous nous sentons abandonnés, nous n'avons presque rien, on ne se sent pas dans un pays, nous ne sommes pas dans le monde. C'est ce qui nous motive chaque jour dans nos efforts d'encadrement et d'accompagnement de la jeunesse. Nous avons le grave devoir d'œuvrer en vue de l'existence des moyens et des structures pouvant nous aider à mieux les accompagner pour leur développement personnel, pour qu'ils soient beaucoup plus aptes à participer au développement de leur pays et aussi prévenir la délinquance juvénile, les grosses précoces et la perte de nos ressources humaines.Boucan Carré doit devenir le Boucan Culturel, oui, le Carré de la Culture.

Culture & Loisir

12

Page 14: Jude jean et boucan carré

Santé :Depuis plus de 25 ans, Zanmi Lasante œuvre dans le domaine de la santé à Boucan Carré et a largement contribué à l'amélioration des conditions de vie de la population. A Cange, un village situé dans la Section des Bayes, se trouve l'Hôpital Bon Sauveur qui dispose des quatre services de base, une clinique ophtalmo, une clinique dentaire etc.En collaboration avec le Ministère de la Santé Publique, Zanmi Lasante offre des services de santé à la population de Boucan Carré à travers le Centre de Santé Saint Michel situé au Centre-Ville de Boucan Carré (Hate l'Etat). Les services suivants sont offerts : Consultation, Hospitalisation, Manternité, santé nutritionnelle, infectiologie (VIH/SIDA, TB). Le centre dispose d'un laboratoire, d'une radiologie et d'une pharmacie. Les cas exigeant l'intervention d'un spécialiste sont référés à Cange ou à Port-au-Prince.Malgré tous les efforts de Zanmi Lasante, il y a encore beaucoup à faire pour améliorer les conditions de vie de la population sur le plan sanitaire. Certaines personnes doivent marcher pendant plus de 6 heures pour rejoindre le Centre de Santé Saint Michel, particulièrement, les habitants de la Première Section Petite Montagne. A part du centre de santé St Esprit de Dufailly (Section des Bayes), il n'y a aucune structure de santé dans les autres sections communales. Le Centre de Santé St Esprit de Dufailly a été fondé par la famille Jérémie particulièrement Monsieur et Madame Dieuveuil Jérémie, une famille qui marque si profondément et l'histoire du développement de Boucan Carré, en particulier, le quartier de Dufailly. En ce moment où le choléra fait rage en Haïti, la population de Boucan Carré, particulièrement les gens vivant dans les zones rurales sont très affectées par ce fléau, faute d'Assainissement et d'eau potable :- Pas de captage de source (Les gens utilisent l'eau des rivières et des sources non protégées)- Pas de latrines : Même dans les centres urbains, de nombreuses familles ne disposent pas d'une toilette et sont obligées de faire la selle à même la terre.Les zones les plus affectées par le choléra sont : La Section Petite Montagne, Haut Des Bayes, certaines localités du Haut et du Bas Boucan Carré.Pouillé une localité très importante du Bas-Boucan Carré dispose d'un centre de santé qui est actuellement dysfonctionnel. Tandis que la Section de Boucan Carré mérite d'avoir au moins deux centres de santé ou dispensaires : un dans le haut et l'autre au bas Boucan Carré.Des amis de Knoxville, supportant la Paroisse Saint Michel de Boucan Carré ont le plan de construire une clinique à Bouli (Centre de la Première Section), un projet qui va, à coup sûr, faciliter l'accès aux services de soins de base dans cette section. Ces amis de Knoxville sont en train de construire le Collège St Michel de Boucan Carré dans la zone de Hate Letat, là où se trouvent la Clinique de Zanmi Lasante (Partners In Health), Fonkoze, l'Ecole Nationale de Boucan Carré, le dépôt périphérique de la World Vision, les bâtiments et la ferme agricole de la SOPABO (Solidarités des Paysans de Boucan Carré).Des cliniques mobiles devraient être organisées dans tous les coins de la Commune sur une base régulière, ce qui aiderait à renforcer la surveillance épidémiologique car à part du choléra qui tue rapidement, les paysans sont souvent confrontés à des problèmes de santé qui les poussent à avoir recours aux guérisseurs traditionnels qui leur sont plus proches et qui ne font parfois qu'aggraver leur situation. Parlant de Clinique mobile, nous ne pouvons ne pas évoquer les cliniques mobiles organisées par le Dr Junior Bazile pour éradiquer la maladie du qui travaille actuellement avec Partners In HealthLa population a besoin d'être sensibilisée sur la nécessité d'aller voir un médecin pour quelque-soit le problème de santé sans délai mais d'abord, les services doivent être également disponibles et accessibles.

13

Page 15: Jude jean et boucan carré

Agriculture et EnvironnementLa principale activité des paysans de Boucan Carré est l'Agriculture. On y cultive le maïs, le petit mil, la canne-à-sucre, le pistache, le tabac, le pois-Congo, le haricot (particulièrement dans la Section Petite Montagne) etc. On cultive aussi beaucoup de vivres alimentaires tels que la banane, la patate douce, le manioc, l'igname, le malanga. Certaines plantations et certains fruits sont en voie de disparition par exemple la goyave, le latanier. Les plantes maraichères sont peu cultivées bien qu'elles se développeraient assez bien dans la zone moyennant l'existence des moyens d'irrigation et de l'assistance technique de professionnels de l'agriculture.Le fait que l'Agriculture soit la principale activité des habitants explique pourquoi la population vit sous le seuil de la pauvreté car en raison du manque ou de l'absence d'encadrement technique, de formation, des moyens d'irrigation ou d'autres problèmes liés à la terre, l'Agriculture est devenue une activité peu rentable. Zanmi Lasante opère à Boucan Carré un programme Agricole dirigé par l'Ing-Agronome Larose Déus, originaire de la zone avec une équipe de techniciens agricoles formés par lui dans le programme. Ce programme étant lié au programme nutritionnel de l'institution s'occupe des familles ayant des enfants malnutris et ne couvre pas encore toute la population de toute la Commune.La commune de Boucan Carré se trouve dans le grave besoin d'une Banque Agricole où la population pourrait acheter à un prix abordable des outils et des semences et un programme d'encadrement technique et de formation renforcerait la capacité de nos braves et courageux paysans.Les paysans de Boucan Carré s'adonnent aussi à l'élevage du gros et du petit bétail bien que les problèmes liés à l'environnement affectent grandement cette activité.Domond, Péligre et les autres localités bordées par le fleuve Artibonite sont des zones qui sont très favorables à la Culture de la pêche et l'Agriculture (L'irrigation). Un programme de protection de l'environnement et de réduction des risques de désastres s'avère nécessaire pour la Commune. La majorité de nos montagnes sont complètement dépourvues d'arbre.

Agriculture et Environnement

14

Page 16: Jude jean et boucan carré

CommerceA côté de l'Agriculture, le commerce constitue la deuxième activité permettant à la pauvre Communauté de Boucan Carré de survivre. Les principales activités commerciales sont : La vente des produits alimentaires et d'autres produits de première nécessité, la vente des bétails et des denrées. A voir la situation des gens et à entendre leurs cris, le commerce n'arrive pas à leur rendre une vie plus facile. A part du programme de crédit de Fonkoze encadrant les Ti machann (Petites marchandes), les commerçant manquent d'encadrement et sont livrés à eux-mêmes.Les gens auraient besoin d'avoir accès à plus de services de crédits et aussi ont besoin d'être formés. Nous espérons mettre en place un programme de formation en Alphabétisation Financière et en montage et gestion des petites entreprises.Pour les personnes intéressées à investir dans la zone, Boucan Carré reste une zone vierge du point de vue commerciale. Au sein de toute la Commune, il n'y a aucun magasin, pas même un grande boutique. L'absence de routes dans certaines zones et l'impraticabilité des routes existantes sont aussi des causes de la dégradation du commerce dans la Commune, on ne saurait penser commerce sans transport. Un exemple : Chaque année, des tonnes de mangues sont pourries sous les manguiers tandis que les paysans pourraient s'arranger pour aller les vendre à Port-au-Prince ou ailleurs s'ils avaient des moyens de transport et il en est de même pour certaines de leurs productions, particulièrement la patate douce.

Commerce

15

Page 17: Jude jean et boucan carré

Infrastructures routières et CommunicationLes routes de la Commune de Boucan Carré sont en très mauvais état. Celle reliant la Section Des Bayes au Centre-Ville (Domond-Chambeau) mérite de grands travaux d'aménagement et certaines parties de la route sont impraticables durant les saisons pluvieuses. Grâce à la Digicel, la MINUSTAH, Zanmi Lasante et le MTPTC, un pont a été construit sur la rivière Fond enfer, ce qui a résolu à moitié les problèmes que la population savait confronter durant les saisons pluvieuses. Le tronçon reliant le Centre-Ville à Fèyobyen (Haut-Boucan Carré) est en très mauvais état et on doit traverser la rivière de Boucan Carré à plusieurs niveaux ; Le tronçon reliant le Centre-Ville au Bas Boucan Carré (Chambeau-Pouillé est totalement impraticable, particulièrement au niveau du Mont-Bayard. Le tronçon reliant le Centre de la Section des Bayes (Dufailly) aux localités du Haut des Bayes, particulièrement Balandri est en très mauvais état et est difficilement accessible.En termes d'infrastructure routière, deux grands projets sont à envisager :- La Construction d'une route débouchant sur l'Artibonite (Petite Rivière de l'Artibonite par exemple) pour désenclaver la Commune et l'ouvrir au commerce interdépartementale)- La Construction d'une route reliant Fèyobyen à Petite montagne en passant par Sivol, ce qui améliorerait grandement les conditions de vie de la population de la première Section. Boucan Carré est connecté au reste du monde grâce aux antennes de Digicel, de Voilà et de NATCOM installées dans la zone. La zone a grandement besoin d'une station de radio. Il n'y en a aucune pour le moment tandis que la radio pourrait jouer un rôle très important dans l'éducation, l'information, la sensibilisation du public ainsi que dans le développement culturel de la jeunesse.

Infrastructures routière et Communication

16

Page 18: Jude jean et boucan carré

Electricité :Nous avions mentionné plus haut que le barrage hydroélécrtique de Péligre se trouve sur le territoire de la Commune de Boucan Carré dans la troisième Section des Bayes. Les localités de Cange, de Péligre, Domond et Dufailly sont électrifiées. Le Centre de la Commune a dû attendre environ 60 ans pour voir être électrifié sous le gouvernement Bellerive-Préval au début de l'année 2011. Hôtel :Il n'y a pas d'hôtel à Boucan Carré. Cependant, nous nous arrangeons toujours pour accueillir nos amis et nos visiteurs. Le Boucanais a le sens de l'hospitalité. Toutefois, lorsqu'il y a nécessité que des visiteurs soient logés dans un hôtel, il est possible de réserver une ou des chambres d'hôtel à Mirebalais dont les plus connus sont le Wozo Plaza Hôtel situé sur la route nationale # 3 après avoir quitté la ville de Mirebalais et le Mirage Club Hôtel situé au Centre-Ville de Mirebalais tout près de la place publique.

Electricité & Hôtel

17

Page 19: Jude jean et boucan carré

Voyager de Port-au-Prince à Boucan Carré Une partie de la Commune de Boucan Carré se trouve la Route Nationale Numéro 3 reliant Port-au-Prince et le Cap Haïtien, traversant le Plateau Central (Mirebalais, Boucan Carré, Thomonde, Hinche). Pour se rendre à Boucan Carré, il faut prendre la direction de la Croix-des-Bouquets. Une fois arrivé à la Croix-des-Bouquets, tournez à gauche en face du Lycée Jacques Premier. Après avoir laissé la Croix des Bouquets, la première Ville que vous attendrez est Mirebalais. Il est à noter que vous aurez le plaisir de parcourir le morne à Cabri (Mòn Kabrit) présentant une vue agréable de la Ville de Port-au-Prince surtout le soir. Ceux qui font la route pour la première fois ne croiront pas peut-être aux histoires relatives au danger que représentait ce morne à cabri et les centaines de vie, de voitures et de biens qui ont péri dans ses bas-fonds.En arrivant à Mirebalais, vous aurez déjà parcouru environ 56 kilomètres. Tournez à droite une fois arrivé à Mirebalais et continuez tout droit (Evitez de tourner à droite à Carrefour Péligre, cette route conduisant à Lascahobas, Belladère, Savanette et aussi en République Dominicaine).Après avoir laissé la ville de Mirebalais, à environ 7 kilomètres, vous vous trouverez à Domond, une localité se trouvant dans la troisième section de la Commune de Boucan Carré, Section des Bayes. De Domond étant, tournez à gauche après avoir traversé le pont jeté sur le fleuve Artibonite. Vous arriverez au Centre-Ville de Boucan Carré (Chambeau) en passant par le quartier de Dufailly. Un pont métallique jeté sur la rivière de Fond Enfer par la Mairie de Boucan Carré avec l'aide de Zanmi Lasante, la MINUSTAH, la DIGICEL et le MTPTC vous préservera des tracas et les dégâts que cette rivière savait causer. La route est très difficile durant la saison pluvieuse, mais quand même praticable. Il n'y a aucun morne à faire peur, le seul se trouvant sur la route est Le Morne Ti-Toussaint ne présentant pas un grand danger. La distance à parcourir entre Mirebalais et Boucan Carré est d'environ 17 Kilomètres. Ce qui fait un total de 73 kilomètres entre Port-au-Prince Boucan Carré.Il vous faut un maximum de deux heures de route pour arriver à Boucan Carré après avoir laissé la Croix-des-Bouquets. Cette présentation de la Commune de Boucan Carré est en développement et beaucoup plus d'informations seront fournies (au fur et à mesure). Vous pouvez critiquer ou suggérer des modifications, des ajouts etc.Boucan Carré ne doit pas périr, Boucan Carré ne va pas périr. Nous le croyons fermement et nous travaillons à son développement. Merci de vouloir nous supporter.

18

Page 20: Jude jean et boucan carré

Éddition

Document sur Jude Jean et Boucan CarréRéalisation : Hamlet Alexandre

www.atlayiti.orgJespaham´s Production